Download tradiksyon Kreyòl deklarasyon konjwent òganizason dwa moun dr

Document related concepts
no text concepts found
Transcript
Se rasis, rayisman kont etranje, ak eksklizyon sosyal ki ranpòte laviktwa nan desizsyon
Tribinal Konstitisyonèl Dominiken an
Òganizasyon k ap defann dwa moun nan Repiblik Dominikèn yo rejte desizyon Tribinal
Konstitisyonèl la epi yo lanse yon apèl pou solidarite.
Santo Domingo, Repiblik Dominikèn, 2 Oktòb 2013
Divès òganizasyon yo ki siyen dokiman sila a rejte desizyon 168/13 ki soti nan Tribinal
Konstitisyonèl la ki efase nasyonalite 4 jenerasyon moun lalwa ak konstitisyon
Dominiken te rekonèt kòm Dominiken depi plis pase 80 lannen.
Desizyon sila a vyole omwen 15 atik nan Konstitisyon Dominiken an epi li chita sou
baz ras pou l elimine nasyonalite dè milye e dè milye Dominiken sitou sa k dorijin
Ayisyen yo. Fò n tou di se depi 2007 leta Domniken ap sezi dokiman moun sa yo.
Ka Tribinal Konstitisyonèl la tranche sou li a se dosye Juliana Deguis. Tribinal la te gen
pou l deside si Jent Elektoral Santral la te vyole dwa konstitisyonèl Juliana Deguis lè l
te refize ba li kat didantite peyi a ki rele yon "Cédula". Olye Tribinal la annik tranche
sou dosye sila a, li manipile entèpretasyon règ jwèt ki egziste yo pou l retroaktivman
enpoze manti ki vle fè konprann yon imigran ki “depasaj” genyen yon rapò dirèk ak si
imigran sila a gen papye legal oswa si l pa genyen. Se yon mannigèt pou fè opinyon
piblik la konprann pitit Ayisyen yo responsab krim paran yo ta komèt anvan yo te fèt.
Pwoblèm nan sè ke nan tan paran yo ta fè krim sa yo, lalwa peyi a pantko menm
deklare bagay sa yo ilegal.
Desizyon Tribinal Konstitisyonèl la nan kontradiksyon ak tèt li. Sou yon bò li pase lòd
pou bay Madam Juliana Deguis sètifika nesans. Li demanti tèt li lè sou yon lòt bò li
pase lòd bay Jent Santral Elektoral la pou l otorize tribinal òdinè li yo pou yo verifye
tout sètifika nesans ki parèt devan yo. Sonje se menm Tribinal Konstitisyonèl sila a ki
nan menm desizyon an deklare tout sètifika nesans an kesyon yo ilegal epi tout moun
ki genyen yo se etranje yo ye nan peyi a.
Nou vle tout moun wè klèman desizyon sila a se yon zouti pou kanpe yon sistèm
apated nan mitan popilasyon an. Yon sèl kou desizyon an divize popilasyon an ant
Dominiken natif natal ak yon lòt gwoup Dominiken ki bridsoukou atravè bagèt majik
Tribinal Konstitisyonèl la vin tounen etranje senpleman paske yo se pitit imigran.
Se dè milye e dè milye Dominiken k ap pèdi kapasite pou yo jwi dwa ki pi fondamantal
nan peyi a, menas depòtasyon pral pann sou tèt yo chak jou, y ap kontinye gen gwo
problèm pou y al lekòl, pou yo travay, pou yo achte asirans, pou yo gen pansyon; pou
yo marye' pou yo gen yon kanè labank; pou achte; eritye; epi sa k pi rèd la yo pa
menm ka pati kite peyi sila k ap voye yo jete a paske yo pa ka jwenn ni renouvle yon
paspò.
Yon pil ak yon pakèt Dominiken ak Dominikèn ap kontinye retransmèt bay pitit yo
menm stati apatrid sila a yo yo viktim de li jodi a. Sa a limenm se yon kokenn
kontradiksyon lè n konnen leta peyi a gen devwa pou l pwoteje timoun peyi a kont tout
kalite diskriminasyon epi pou l garanti lalwa rekonèt yo tankou moun.
An menm tan desizyon sila a vin agrave majinalizasyon ak eksklizyon dè milye moun
epi li vin fè l pi difisil pou n bati yon sosyete ki chita sou bon jan gouvènans demokratik.
N ap mande pouvwa ekzekitif la ak Kongrè Nasyonal la pou yo pran responsabilite yo
pou yo vini ak yon bon jan solisyon, ki fè sans, k ap kapab rantre an aplikasyon epi k
ap rezoud pwoblèm sila a yon fwa pou tout. Lè Tribinal Konstitisyonèl la vini ak
desizyon sila a, se koupe l koupe fache ak tradisyon konstitisyonèl Ameriken an, ak
sistèm Entè Amerikèn nan epi ak Sistèm Entènasyonal la. Sa vin mete peyi a nan yon
sitiyasyon kote l riske tonbe anba tout kalite sanksyon entènasyonal dèske l refize
mache odyapazon ak tout obligasyon li fin dakò pou pwoteje epi respekte dwa delòm
tout moun k ap viv sou tè a.
N ap mande sosyete Dominikèn nan pou pote kole ak tout moun ki viktim desizyon sila
a; pou l patisipe nan tout mobilizasyon k ap fèt epi pou leve vwa yo kont tout mannigèt
ki vle fè desizyon sila pase pou yon bagay serye. Yon lòt fwa ankò n ap mande tout
zanmi nou nan laprès pou yo pran bon swen pou byen esplike tout popilasyon an tout
vire tounen ki gen nan dosye sila a; pou yo esplike pa gen moun ki ilegal, epi
popilasyon ki viktim desizyon sila a se pa yon popilasyon imigran. Se Dominiken yo ye
e ke se lalwa peyi a menm ki rekonèt yo kòm Dominiken.
Noumenm Òganizasyon k ap defann dwa moun yo ki siyen dokiman sila a, n ap mete
plis chalè nan dife a, n ap kontinye aksyon òganize epi sistematik pou n denonse
desizyon sa a epi n ap mobilize nan nivo nasyonal ak entènasyonal jiskaske tout dwa
desizsyon sila a vyole yo retounen nan plas yo.
Òganizasyon ki siyen dokiman sila :
- Comisión Nacional de Derechos Humanos (CNDH)
- Centro de Asesoría e Investigaciones Legales (CEDAIL)
- Movimiento Socio Cultural para Trabajadores Haitianos (MOSCTHA)
- Fundación Étnica Integral (FEI)
- Red Jacques Viau
- Movimiento de Mujeres Dominico- Haitianas (MUDHA)
- Centro Cultural Dominico- Haitiano (CCDH)
- Centro Bonó
- Observatorio de Migrantes del Caribe (OBMICA)
- Movimiento Reconocido
- Visión Mundial República Dominicana
- Asociación Scalabriniana al Servicio de la Movilidad Humana (ASCALA)
- Mesa Nacional para las Migraciones y Refugiados (MENAMIRD)
- Centro de Formación Social y Agraria (CEFASA)
En la sentencia predominó el racismo, xenofobia, y la exclusión social
Organizaciones de Derechos Humanos rechazan sentencia Tribunal Constitucional y
llaman a la solidaridad
SANTO DOMINGO, República Dominicana, 2 de octubre 2013. El conjunto de
organizaciones abajo firmantes rechazamos la sentencia No. 168/13 del Tribunal
Constitucional (TC) que arrebata la nacionalidad a 4 generaciones de personas que
durante 8 décadas fueron registrados como dominicanas, al amparo de la Constitución
y leyes vigentes.
La sentencia, que viola al menos quince artículos de la Constitución dominicana y que
apela a criterios raciales para despojar la nacionalidad, afectará a miles de
dominicanos y dominicanas de los más diversos orígenes, especialmente a aquellos
de ascendencia haitiana a quienes el Estado ya les está quitando sus documentos de
identidad dominicanos desde el año 2007.
El caso por el que el TC falló trataba de determinar si la Junta Central Electoral (JCE)
vulneró derechos constitucionalmente protegidos con su negativa de entregarle la
Cédula de Identidad a Juliana Deguis. Pero el TC manipuló la interpretación de las
normas para imponer, con efecto retroactivo, la mentira de que la figura de "Tránsito"
se refiere a si el inmigrante está regularizado o no. Un desvarío para tratar de
convencer a la opinión pública de que hijos e hijas tienen que ser condenados por
hechos que no estaban previstos por la ley, supuestamente cometidos por sus padres,
antes de ellos nacer.
La Sentencia del TC se contradice. Por un lado ordena la entrega del Acta de
Nacimiento a Juliana Deguis, mientras que por otro lado, ordena a la JCE que apodere
a los tribunales ordinarios para que determinen la validez de las Actas de Nacimiento
que les sean sometidas, cuando ya el mismo TC ha prejuzgado el asunto, declarando
que dichas actas son ilegales y que las personas titulares son extranjeras.
Advertimos que la referida Sentencia se erigirá en el instrumento de segregación de la
población nacional. A partir de ahora, seremos divididos entre dominicanos "puros" y
dominicanos que, como por arte de magia, el TC ha convertido en "extranjeros" por el
simple hecho de ser descendientes de inmigrantes.
Miles de dominicanos y dominicanas se verán impedidos de ejercer sus derechos
fundamentales, enfrentarán cotidianamente el riesgo de deportaciones masivas,
continuarán enfrentando dificultadas para estudiar, trabajar, pagar seguro médico,
cotizar en el fondo de pensiones, contraer matrimonio civil, abrir cuentas bancarias,
comprar, heredar; e inclusive, no podrán salir del país que ahora los rechaza, porque
no podrán sacar o renovar pasaporte.
Miles de dominicanos y dominicanas continuarán transmitiendo a sus hijos e hijas el
estatus de apatridia que les afecta, un completo contrasentido, en el marco de la
obligación que tiene el Estado de proteger a la niñez de todas las formas de
discriminación y de garantizar el reconocimiento de su personalidad jurídica.
Esta sentencia también agravará la situación de marginalización y exclusión de miles
de personas, e incidirá negativamente en las posibilidades de promover la
gobernabilidad democrática.
Hacemos un llamado al Poder Ejecutivo y al Congreso Nacional para que asuman con
responsabilidad la búsqueda de una solución justa, racional, efectiva y definitiva a esta
situación. Con esta Sentencia, el TC ha roto con el Constitucionalismo Americano, el
Sistema Interamericano y el Sistema Internacional, y coloca al país en la mira de
sanciones internacionales por incumplir con su obligación de proteger y garantizar los
derechos humanos de todos sus habitantes.x
Insistimos en llamar a la sociedad dominicana a solidarizarse con las personas
afectadas por esta decisión, sumándose a las actividades de movilización que están
previstas y levantando su voz en todos los escenarios donde se intente imponer la
mentira que sustenta esta sentencia del TC. También reiteramos el llamado a los
amigos de la prensa, para que promuevan un abordaje exhaustivo del tema,
recordando que no hay seres humanos ilegales y que la población afectada por la
sentencia no es inmigrante sino dominicana, reconocida por el Estado como tal.
Las organizaciones de derechos humanos que suscriben este comunicado, estaremos
intensificando de manera progresiva, sistemática y sostenida acciones de denuncia y
movilización a nivel nacional e internacional, hasta que los derechos violados por esta
sentencia sean restituidos.
Firman:
- Comisión Nacional de Derechos Humanos (CNDH)
- Centro de Asesoría e Investigaciones Legales (CEDAIL)
- Movimiento Socio Cultural para Trabajadores Haitianos (MOSCTHA)
- Fundación Étnica Integral (FEI)
- Red Jacques Viau
- Movimiento de Mujeres Dominico- Haitianas (MUDHA
- Centro Cultural Dominico- Haitiano (CCDH)
- Centro Bonó
- Observatorio de Migrantes del Caribe (OBMICA)
- Movimiento Reconocido
- Visión Mundial República Dominicana
- Asociación Scalabriniana al Servicio de la Movilidad Humana (ASCALA)
- Mesa Nacional para las Migraciones y Refugiados (MENAMIRD)
- Centro de Formación Social y Agraria (CEFASA)