Download Depite Gracia pral chante “Live nan Santo Domingo”

Document related concepts
no text concepts found
Transcript
Depite Gracia pral chante “Live nan Santo Domingo”
Escrito por Hey Magazine
Sábado, 14 de Abril de 2012 16:30 - Actualizado Sábado, 14 de Abril de 2012 16:38
Santo Domingo ap prepare pou y'al apiye depite Gracia Delva ak Mass Compas nan yon sware
chic chec choc. Yon ansyen etidyan UTESA, Florial Nikerson (REAH 10) ki toujou rantre ak
gwoup ayisyen te deside bay kominote diáspora sa yon koudjay gratis ti cheri, men se ak depite
a ke tout
moun konnen deja, li se yon chantè byen popilè an Ayiti ak lòt peyi kote ayisyen pile. Gracia se
yon modèl pou nouvèl jenerasyon ayisyèn nan nap pale de lane 2000 jiska 2007. Kote li t'ap fè
1/2
Depite Gracia pral chante “Live nan Santo Domingo”
Escrito por Hey Magazine
Sábado, 14 de Abril de 2012 16:30 - Actualizado Sábado, 14 de Abril de 2012 16:38
lapli ak bon tan nan Zenglen, epi aprè li pase nan mas konpa. Se pa premye prezantasyon
chantè a nan Santo Domingo men, se premye fwa depite Latibonit lan pral pèfòme devan piblik
li.
Depi 7tè nan aswè, tout moun mobilize pou al danse Mass Compas nan Club Codia calle Padre
Billini esquina Meriño de la Zona Colonial, Santo Domingo D.N.
Anpil ti medam lokal pa kache feblès yo pou Gracia Delva paske msye gen style epi l konn jere
piblik li tou. Gen moun k'ap di l nèg lèd men li pa pote pantalon pou bèl twèl non plis.
Eske depite a pral ka vire ren l sou sèn nan? Lò m de lwa pa ka oze fè sa. Fòk li chanje
konpòtman...men nou pa konnen, Paske menm ansyen prezidan konpa ki se prezidan de la
repiblik konnya, lè l rete vle fè ti bwase l tou. Mizik la se yon viris, moun ki rantre ladan l, pa ka
soti. Depite ou prezidan, Y'ap mouri mizisyen.
2/2